Choose your languageSeleccionar idioma españolSelect English languageWähle deutsche SpracheSélectionner la langue française

Cliowen - Difikilte, Pwoblem (feat. 35 Zile & Twentyone)

Translated lyrics of Cliowen - Difikilte, Pwoblem (feat. 35 Zile & Twentyone) to

  • 1 hits
  • Published 2024-05-12 00:00:00
  • 0 Comments
  • 0 likes

Difikilte, Pwoblem (feat. 35 Zile & Twentyone)


Nan vi an, nou tout konfwonte difikilte, pwoblèm
Difisil se pwogrè’n souvan defisi se pwojè’n
Si n’kilbite son prèv pou’n wè efò n’gen pou’n fè
Pou’n atenn objektif nou nan dimansyon ke nou vle’l
Pafwa se mwen, pafwa se ou, pafwa se li
M’pap fwase ou, pa fwase li
Men se nou tout
Ki konn ap viv ak sikatris yon echec
Nan panse’n se ret yon myth
Sa menm konn nwi’n
Dèfwa n’fon nwit nap kalkile
Konbyen okazyon n’rate
Konbyen chans yo pa ofri’n
Konbyen pakou n’gen pou’n fè
Cependant, nou la toujou pa gen porte de sortie
Malgré nou lite
Malgré n’milité
Nou still limite
Pa gen posiblite (woo)
Ou devwe tou man
Ou devye ou fou
Ou ap penyen lage poutan ou reve chou
Cuz depiw fèt w’ap viv yon vi vye rel
E lè ou panse’w nan yon kochma
Poutan ou nan yon vi reel
Men se jou pa’w la ki poko rive
Se koli pa’w la k’poko delivre
Menmlè’w avni’w menase
Siksè nan figi’w, gen pou li pete kon abse
Met règ nan jwèt ou
Ret bad nan fyèf ou
Met prensip ak disiplin
Aktivite opsyon be careful

Wo yeah ay yeah
Anh wo oh
Hey yeah, hey yeah
Nou bite pandan n’ap pran souf
Je’n ap gade somè
Wi se vre lè’l fè nwa l’pral jou
Je’n pral gade solèy
Nou gon fòs nou pa wè
Se pa blan nou pran pou sovè’n
Blood, sweat and tears
Anpil haine nou subi pou koulè’n

Original black nubian
M’ka ale nan mitan batay
Tankou m’te Bookman
Nan bitay, nan batnay
Feray kwaze’m nan koze listwa’l
Youn se konesans ki reflete’m Nan koze vwal
Ki vwale’m nan koze miwa’l
Lonbray reyalite Bilal
Louvri my 3rd eye
Nan fetay kay, nan mi kay loray
Zantray Pyem, kase nan swiv tras loray
Poto pote bay, Listwa’l nan panse lakay
Jamè wè’m nan lonbray loksidan sal
Ki te gen foli pase lakay pase’m nan tray
Lamiral tanmen pale langay tankou’l te yon black antranzay kap transmay
Pou’m twouve limyè ak enèji fè nwè ak
Èzili trennen m nan yon vale
Kote sans ak kò pale lespri
Nan bouch Agwey
Nan bouch Agwey dlo dous sale lespri nan bouchi
Kote brav brave danje
Nan mitan lespri mache drèt pa maji
Kidonk pa mandem swiv ni fè maji
Legba pote dra’l pou l kouvri Po lavni
Anfas pasyon pastan drapo lavi
Nan swiv tras pasyon pastan abvi nan panse lavi
Rap trennen m sou chimen lasyans
San lisans kenn Fac yo di m pote limyè nan linivè
San m’pa site kenn fag man

Wo yeah ay yeah
Anh wo oh
Hey yeah, hey yeah
Nou bite pandan n’ap pran souf
Je’n ap gade somè
Wi se vre lè’l fè nwa l’pral jou
Je’n pral gade solèy
Nou gon fòs nou pa wè
Se pa blan nou pran pou sovè’n
Blood, sweat and tears
Anpil haine nou subi pou koulè’n


Por el momento, a nadie le gusta este artículo

Publicado el: 2024-05-12 00:00:00 por panzas


Escrito Por: panzas

Holaaa a todos muchas gracias por ver mis traducciones y escribirme sigan mandando sus peticiones yo las voy a traducir con mucho gusto!! :) saludos

Blogs Publicados

0

Última vez visto

Comments

Hey! You're in luck, no one has commented on this article yet. Be the first one and leave your comment.

You need to be registered to leave comments.

Log in with your user account and enjoy all the benefits.

Create your account ó Sign in / Log in

    Más canciones traducidas de Cliowen